Kreyòl Enfo, 16 mas 2020 .- Minis sante dominiken an Rafael Sanchez Cárdenas konfime, jodi lendi a, gen yon premye sitwayen dominiken ki mouri ak kowonaviris.
Viktim nan ki gen 47 lane te enfekte ak viris la pandan yon vwayaj nan peyi Espay, toujou daprè Rafael Sanchez Cárdenas. Li presize moun ki mouri ak covid-19 la t ap soufri tou ak VIH (Sida) epi tibèkiloz.
Kowonaviris deja enfekte 21 moun Repiblik Dominikèn, daprè denyè bilan otorite yo prezante nan mitan jounen lendi a. Pami yo, dis (10) enfekte pandan denyè 24 èd tan yo.
Kreyòl Enfo