Kreyòl Enfo, 23 fevriye 2019 .- Kòdinasyon pati politik Ayiti An Aksyon (AAA) voye yon lèt, 18 fevriye pase a, bay senatè Latibonit Gracia Delva pou mande l fè limyè sou enfòmasyon ki fè kwè prezidan Jovenel Moise ta bal misyon pou kontakte chèf gang Vilaj Dedye a, Arnel Joseph, ak akolit li yo.
Nan lèt sa kòdonatè nasyonal la, Senatè Youri Latortue siyen, AAA mande eksplikasyon sou rimè k ap kouri kòmkwa Palè nasyonal te remèt palmantè a yon magogo lajan pou bay Arnel Joseph pou l te ka vin patisipe nan manifestasyon nan kapital la. Chèf gang la ak akolit li yo ta gen pou misyon rantre ak gwo zam nan manifestasyon kont pouvwa a yon manyè pou sal imaj opozisyon an, daprè ansyen senatè Simon Dieuseul Desras.
Kòdinasyon an raple senatè Gracia Dèlva ki te ranpòte eleksyon yo anba chapo pati a Ayiti An Aksyon nan opozisyon ak pouvwa a « pou defann enterè popilasyon an » .
Depi nan finisman ane 2018 la, chèf gang Arnel Joseph t al tabli baz li nan Desalin, komin kote senatè Gracia Delva abite.
Kreyòl Enfo