
Kreyòl Enfo, 15 dawout 2020.- Lameri nan komin Kafou anonse konstriksyon yon sant kiltirèl modèn ki pote non Emmanuel Charlemagne nan zòn Thor 12. Majistra Jude Edouard Pierre ki t ap reponn kesyon Kreyòl Enfo (KE) eksplike sant kiltirèl sa pral pèmèt jèn nan komin pi byen divèti yo epi fè aktivite pou devlope lespri yo.
Majistra Kafou a presize sant kiltirèl Emmanuel Charlemagne la ap gen 2 pati. Premye pati a ap genyen yon sal miltimedya pou sitwayen komin nan fè rechèch nan zafè kiltirèl ak atistik. L ap gen tou yon bibliyotèk modèn ak plis pase 20 000 liv k ap disponib pou tout moun. 5 000 lòt liv ap disponib tou pou moun ki nan domèn rechèch. Espas bibliyotèk sa ap pote non edikatris Paulette Poujol Oriol.
Nan dezyèm pati a ap gen yon oditoryòm ki pote non komedyen Roland Dorfeuil alyas Piram. Jude Edouard Pierre souliye sant kiltirèl la ap gen yon sal pou ekspoze zèv atis yo ki li menm pral rele « sal Sedor » pou bay ochan ak youn nan premye atis ki te gen galri ekspozisyon nan zòn bwochèt. Nan pati sa ap gen yon teras tou pou moun tande epi jwi anpil bèl mizik, yon rèstoran ak yon espas vèt. Teras sa ap pote non atis « Beken ».
Pou konstwi sant kiltirèl Emmanuel Charlemagne la sou 1 080 mèt kare, lameri jwenn bourad lajan ministè enteryè ak ministè planifikasyon. Premye sitwayen Kafou a kwè Sant kiltirèl pral ede nan devlòpman komin nan.
Kreyòl Enfo