Kreyòl Enfo, 5 jiyè 2020.- Kandida Pati Revolisyonè Modèn nan, Luis Abinader, devan ak 54,07% nan premye rezilta enstitisyon elektoral dominiken an (JCE) pibliye bò 9:30vè aswè dimanch 5 jiyè 2020 an.
Gonzalo Castillo, kandi Pati pou Liberasyon Dominikèn nan, fè 36.02%. Reprezantan Fòs Pèp la, Leonel Fernandes, gen 8.80%. Kandida Alyans Peyi a, Guillermo Moreno, gen 0,95%. Ismael Reyes ki reprezante Pati Demokrat Enstitisyonèl fè 0,7% menm jan ak Juan Cohen Sander, kandida Pati Nasyonal Volontè Sitwayen.
Otorite elektoral dominiken yo presize premye rezilta ki pibliye nan kòmansman lanwit la reprezante 20% vòt yo. Toutfwa, nan plizyè zòn patizan Luis Abinader yo gentan pran lari ap kriye viktwa. Prezidan ki sou pouvwa a, Danilo Medina, mande pèp dominiken an rèspekte rezilta yo.
Kreyòl Enfo