
Kreyòl Enfo, 12 septanm 2020.- Senk (5) ajan Inite depatmantal pou tabli lòd (UDMO, sig nan lang franse) komisè gouvènman Pòtoprens la, Mèt Ducarmel Gabriel, te fèmen penitansye nasyonal ayè vandredi a pwovoke gwo tansyon nan kapital la. Byen bonè maten samdi a (12), yon gwoup endividi mete dife nan 3 machin ki gen plak Sèvis Leta (SE) nan zòn Nazon, daprè sa yon repòte Kreyòl Enfo (KE) konstate.
Pwotestatè yo ki mande pakè Pòtoprens libere polisye yo prese prese te mete tou anpil barikad pou bloke lari a. Yo boule kawoutchou epi voye wòch devan yon lokal Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) genyen nan zòn nan.
Youn nan machin sa yo ki pase anba flanm dife tou pre kalfou Avni Martin Luther King ak Christ-Roi ta pou direksyon jeneral dwàn yo.
Komisè gouvènman an te fèmen senk polisye yo nan prizon nan kad ankèt sou asasina batonye Monferrier Dorval. Ajan UDMO yo te responsab pou siveye kay viktim nan aprè krim nan.
Kreyòl Enfo