
Kreyòl Enfo, 26 jen 2020.- Wout nasyonal nimewo 3 (RN3) bloke nan zòn Mòn Kabrit, jodi vandredi a, akoz yon mouvman pwotestasyon kont dezisyon otorite yo pran pou fèmen min sab yo. Pwotèstatè yo mete barikad nan tout wout la jouk rive zòn Pon Bwadòm.
Sitiyasyon latwoublay ki genyen sou wout nasyonal nimewo 3 a depi yè jedi a gen gwo konsekans sou lavi sitwayen yo. Moun malad ki bezwen al pran laswenyay nan lopital Mibalè oblije kase tèt tounen. Yon temwen eksplike gen menm kadav ki kòmanse gate nan men sitwayen yo akoz yo paka travèse barikad pou al fè lantèman yo.
Youn nan pwotèstatè yo ki pale ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE) nan telefòn denonse konpòtman rèsponsab yo ki kite yon gwoup moun ap pran sab nan min nan alòske Leta pase lòd pou fèmen l. Sitwayen an deklare « si min sab la fèmen, li dwe fèmen pou tout moun »
Nan yon avi ki pote siyati Premye Minis Joseph Jouthe, Minis Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon, Nader Joiseus, ak Minis Anviwònman an, Abner Septembre, Leta ayisyen entèdi ekspwatasyon min sab mòn kabrit yo.
Kreyòl Enfo