Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Pwotestasyon : «Fantom 509» anonse 3 jounen mobilizasyon

👤 Kreyòl Enfo 08/06/202008/06/2020
Kreyòl Enfo 08/06/202008/06/2020

Kreyòl Enfo, 8 jen 2020 .- Polisye ki reyini nan gwoup «Fantom 509» anonse 3 jounen mobilizasyon pou 11, 12 ak 13 jen 2020 an. Mouvman gwoup polisye sa yo jwenn sipò sendika Polis Nasyonal Ayiti (SPNH-17).

Youn nan manm «Fantom 509» yo presize pou redaksyon Kreyòl Enfo 3 jounen mobilizasyon sa rantre nan kad mouvman pou egzije liberasyon kòlèg yo Alexandre Jean Pascal epi bon kondisyon pou yo travay sitou nan moman epidemi kowonaviris la.

«Fantom 509» mande tou pou lajistis anile mezi pou entèdi chèf sendika Polis Nasyonal Ayiti (SPNH-17), Yanick Joseph, kite peyi a. Yo kwè mezi sa rantre nan kad pèsekisyon gwo zotobre nan pouvwa a ap fè kont polisye yo.

»   Yon gwoup anplwaye badijonnen lokal ministè pou afè sosyal ak poupou

Ayè dimanch la, deblozay te pete nan lari komin Pòtoprens ak Dèlma pandan ajan fòs lòd sou machin blennde t ap itilize gaz pou kraze manifestasyon Fantom 509 ak alye li yo. Pou pi piti 3 jounalis blese pandan ensidan sa.

Komisè gouvènman Pòtoprens la, Mét Jacques Lafontant, te entèdi semèn pase a tout manifestasyon nan lari pandan peryòd etadijans sanitè a. Mèt Jacques Lafontant prevwa gwo sanksyon kont tout moun ki pa koube anba desizyon sa .

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Fantom 509PNHPwotestasyonSPNH-17Yanick Joseph
Kreyòl Enfo

Anvan
IJAN : Yon enspektè polis ta touye tèt li nan komisarya Gonayiv la
Aprè
Wanament : 2 ouvriye mouri nan CODEVI ak sentom kowonaviris

ou ka enterese

Jovenel Moise voye jete tout posibilite pou l...

15/10/2019

Fiziyad : 6 jèn gason tonbe anba bal...

01/12/2019

Leta dwe anplwaye Etajenewo sekteryèl yo 5 mwa

26/02/2019

104 « Congressman » ameriken reklame yon ankèt sou PetwoKaribe...

29/03/2019

2 moun mouri, plizyè lòt blese anba bal...

22/04/2019

Gonayiv : depite Jacob Latortue gen dout sou...

04/02/2019

Plizyè gwo chabrak nan Leta a refize kolabore...

20/12/2018

Ijan : dife pran nan yon mache Pòtoprens

13/01/2020

IJAN : ansyen senatè Derex Pierre Louis mouri...

30/05/2020

12 fanm viktim anba kadejak nan prizon sivil...

12/11/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal
    Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal
  • Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo
    Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.