Kreyòl Enfo, 4 novanm 2019 .- Youn nan rèsponsab SOGENER yo, Dimitri Vorbe anonse sou Twitè aswè a » Santral Sogener yo fèk kanpe » akoz pwoblèm gaz.
Pi bonè nan jounen an, Dimitri Vorbe te deja itilize menm rezo sosyal la pou eksplike « Sogener ap fonksyone ak mwatye motè depi kèk jou » nan lide pou te pèmèt li kontinye fonksyone. Patron Sogener a te prevwa konpayi ap genyen » zewo megawat » aswè a paske « pagen geny gaz ankò. »
Leta ayisyen, sou bò pal, voye yon dezyèm somasyon bay SOGENER pou egzije li remèt 123 milyon goud dèt. Konpayi a gen 2 jou pou remèt lajan sa.
Pandan Leta ayisyen ap batay ak konpayi SOGENER, sitwayen nan kapital la ap monte maswife pou jwenn yon ti kouran. Yon sitiyasyon ki ogmante laperèz kay sitwayen yo sitou nan moman kote peyi a lòk.
Kreyòl Enfo