Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Kilti

Pou onore manman yo, Juno7 ofri « Melani » sou YouTube

👤 Kreyòl Enfo 30/05/202030/05/2020
Kreyòl Enfo 30/05/202030/05/2020

Kreyòl Enfo, 30 me 2020.- Nan lokazyon fèt manman yo demen dimanch 31 me a, medya nimerik Juno7 ap ofri entènot yo feyton ayisyen « Melani » gratis sou YouTube. Nédgi Baptiste, Rose-Guerline Ganthier, Ricardo Nelson, Erick Laguerre ak Lainé Samantha se kèk pami aktè ki patisipe nan feyton sa.

Nan Melani, Sineyas Camille Moise alyas Kharmeliaud ak pwodiktè John Fritz Moreau rakonte istwa « Kèkèt ak Melani ( manman ak pitit) k ap bat dlo pou fè bè men ki gen yon rèv : pèmèt Melani rantre nan kapital la pou al etidye nan inivèsite. Magre anpil peripesi, Kèkèt ak Melani rete doubout ».

Melani ap disponib sou chanèl YouTube Juno7 la ( dimanch 4trè) nan lide pou bay plis moun posibilite swiv feyton sa ki te fè anpil siksè pandan premye soti li 14 fevriye pase a nan palè minisipal Dèlma a, daprè John Fritz Moreau ki swete sinema ayisyen reprann plas li nan sosyete a.

Anpil obsèvatè kwè Melani ka louvri pòt pou pèmèt lakilti jwenn bourad lòt sektè sitou nan moman kote medya yo ap fè pwomosyon pou pwodiksyon etranje ki pa marande ak reyalite sosyal ak kiltirèl peyi a.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
CamilleFeyton ayisyenJohn Fritz MoreauJuno7Melani
Kreyòl Enfo

Anvan
Ayiti gentan pami 100 peyi kote kowonaviris kontamine plis moun
Aprè
Kowonaviris touye yon Enspektè polis ki t ap travay nan Elektrisite Ayiti (EDH)

ou ka enterese

Kanaval 2019 : Leta ayisyen prevwa depanse 190...

31/01/2019

Grandans, pase 30 moun kouche lopital aprè yo...

20/12/2018

 » Soup libète », yon inisyativ pou remanbre tradisyon...

21/12/2018

Meri Pòtoprens chwazi tèm kanaval 2019 la

11/12/2018

Gonayiv, sitwayen yo gen gwo dout sou kanaval...

28/01/2019

《Madan Keloke 》fè vwèl pou peyi san chapo

20/12/2018

Gonayiv mobilize pou resevwa 4e etisyon « File l...

29/03/2019

Yon fèstival entènasyonal vodou nan vil Gonayiv

01/04/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
    Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
  • MOPOD  mande tout sektè mobilize pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021
    MOPOD mande tout sektè mobilize pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021
  • Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
    Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
  • " Soup libète", yon inisyativ pou remanbre tradisyon nou
    " Soup libète", yon inisyativ pou remanbre tradisyon nou
  • Ensekirite : bandi kidnape yon enspektè polis epi egzije yon magogo lajan pou libere l
    Ensekirite : bandi kidnape yon enspektè polis epi egzije yon magogo lajan pou libere l
  • Ensekirite : yon gwoup jenn fanm tonbe nan fouye moun anba lavil (Pòtoprens)
    Ensekirite : yon gwoup jenn fanm tonbe nan fouye moun anba lavil (Pòtoprens)
  • Grandans : popilasyon an touye yon prezime bandi epi fouke 3 lòt remèt lapolis
    Grandans : popilasyon an touye yon prezime bandi epi fouke 3 lòt remèt lapolis
  • Jij depè Wifrid Lariviere maspinen grefye Yolette Forent nan komin Tomond
    Jij depè Wifrid Lariviere maspinen grefye Yolette Forent nan komin Tomond
  • Zile Kayimit, yon nouvo komin nan peyi a
    Zile Kayimit, yon nouvo komin nan peyi a

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.