
Kreyòl Enfo, 8 jiyè 2020.- Anplwaye konpayi transpò eskolè Diyite plante pikèt yo devan lokal ministè Ekonomi ak Finans, maten mèkredi 8 jiyè 2020 an, pou egzije lajan plizyè mwa travay yo di Leta ayisyen dwe yo. Pwotèstatè yo eksplike Leta dwe anplwaye konpayi Diyite ki nan Pòtoprens yo lajan 18 mwa travay epi 25 mwa pou anplwaye nan vil pwovens.
Anplwaye yo denonse move politik rèsponsab yo ap aplike nan konpayi a. yo souliye gwo lajan k ap depanse nan enstale kamera pou siveye anndan bwat la, pandan yo pa janm panche sou sitiyasyon ti malere k ap travay san touche yon pyas depi plizyè mwa.
Anplwaye ki tanmen manifeste devan lokal ministè Ekonomik ak Finans jodi a anonse yo pap kanpe toutotan revandikasyon yo pa satisfè. Mouvman pwotestasyon sa deranje sikilasyon machin nan tout zòn Avni Kristòf ak Kafou Tifou.
Kreyòl Enfo