Kreyòl Enfo, 17 desanm 2020.- Polis nasyonal Ayiti a (PNH, sig nan lang fransè) ak sòlda nan fòs lame Ayiti (FAd’H, sig nan lang fransè) ap rapousiv pandan semèn nan ak seri operasyon nan katye Vilajdedye, Bisantnè, pou kwape bandi ak zam k ap fè dapiyanp (kidnapin) sou sitwayen nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la.
Plizyè inite nan lapolis la ki jwenn sipò militè ayisyen yo mobilize nan kad operasyon sa ki tanmen depi finisman semèn pase a. Daprè enfòmasyon kèk abitan nan zòn nan, gen plizyè prezime bandi ki ta deja tonbe nan boukante kout zam ak fòs lòd yo. Yon polisye ki nan Inite sekirite palè nasyonal (USP) ta sooti blese tou .
Nap fè remake, operasyon sa a te tanmen depi 12 desanm pase a. Divès sitwayen nan popilasyon an te eseye pran lari pou denonse abi yo di lapolis ap fè yo, apre fòs lòd yo te kraze plizyè kay bandi ta sanble konn itilize pou goumen ak yo.
Yon manifestasyon lapolis ta pral kraze ak anpil gaz lakrimojèn epi tire anlè pou fòse sitwayen yo rete lakay yo. Operasyon kap mennen nan kont baz « 5 segond » nan Vilajdedye a gen gwo konsekans sou sikilasyon machin nan zòn sid kapital la, kote sitwayen konn pase plis pase 6 èd tan nan blokis.
Kreyòl Enfo