Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Pòtoprens, Okap, Gonayiv : bilan jounen mobilizasyon opozisyon an te lanse nan tout peyi a

👤 Kreyòl Enfo 07/02/201907/02/2019
Kreyòl Enfo 07/02/201907/02/2019

Kreyòl Enfo, 7 fevriye 2019 .- Kòkennchenn manifestasyon ki dewoule nan Pòtoprens ak divès vil pwovens, jodi jedi a, pou egzije demisyon prezidan Jovenel Moise nan tèt peyi genyen anpil viktim sitou nan kapital la, Gonayiv, Mibalè ak Okap.

Nan Pòtoprens, manifestan yo boule pou pi piti 3 machin epi kalonnen anba kout wòch plizyè antrepriz prive ak enstitisyon piblik. 2 moun pou pi piti soti blese tou pandan jounen an.

Okap, Yon moun mouri, 4 lòt blese anba bal pandan manifestan yo t ap twoke kòn yo ak lapolis. Lokal radyo Priyorite pase anba flanm dife tou. Priyorite se radyo depite sikonskripsyon Okap la, Jean Étienne.

»   Mobilizasyon jeneral kont Tèt Kale nan lokazyon anivèsè asasinay papa Nasyon an

Mibalè, machin kraze yon jèn demwazèl ki t ap kouri pou pa pran nan gaz lakrimojèn. 9 moun blese anba bal. 2 machin boule.

Senmak, yon jèn gason pèdi lavi l anba bal lapolis, yon lòt blese.

Gonayiv, pou pi piti 5 moun blese anba bal pami yo yon etidyan UPAG. Pwotestatè yo te tante mete dife nan delegasyon depatmantal Latibonit la.

Okay, Jeremi, Fòlibète te genyen gwo eskonbrit tou nan mitan Lapolis ak manifestan yo.

Sitiyasyon an toujou rete konplike nan kapital la ak divès lòt vil kote zam ap chante. Chèf Leta poko fè okenn deklarasyon aprè jounen tansyon sa.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
7 fevriyeMobilizasyon jeneral
Kreyòl Enfo

Anvan
Ijan : Yon manifestan tonbe anba bal Senmak
Aprè
3 moun mouri, 10 lòt blese : sitiyasyon an mangonmen nan Gonayiv

ou ka enterese

Grèv jeneral : aktivite yo bloke nan Pòtoprens

16/09/2019

« Car wash » : 3 moun mouri ak 2...

05/08/2019

Chanm depite a bay konje akoz ensekirite sou...

16/11/2018

Ijan : ansyen depite Arnel Belizaire jwenn arèstasyon...

30/11/2019

Ayiti-Kowonaviris : 281 moun kontamine nan yon jounen,...

03/06/2020

Yon polisye mouri, plizyè kay boule nan kapital...

13/01/2020

Previl Jean Castro pa nan tèt direksyon depatmantal...

13/11/2018

Mobilizasyon jeneral 7 fevriye : yon moun deja...

07/02/2019

Gonayiv : Lameri entèdi lantèman militan Mécène Cenoble...

31/12/2019

Bandi ak zam ap twoke kòn yo nan...

08/03/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
    IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
  • Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
    Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
  • Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
    Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
  • Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
    Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
  • Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
    Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
  • Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
    Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
    IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
  • Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2
    Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2
  • Ensekirite : yon gwoup jenn fanm tonbe nan fouye moun anba lavil (Pòtoprens)
    Ensekirite : yon gwoup jenn fanm tonbe nan fouye moun anba lavil (Pòtoprens)

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.