
Kreyòl Enfo, 17 septanm 2020.- Endividi otorite yo poko rive idantifye mete dife, aswè mekrèdi 16 septanm 2020 an, nan lokal restoran Evazyon ki nan kalfou ri Women ak avni Maglwa Anbwaz. Daprè enfòmasyon yo biznis sa ta pou nouvo Direktè santral polis administrativ la (DCPA), Berson Soljour.
Kèk temwen ki pale ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE) eksplike endividi ki mete diife nan lokal la te gen kagoul nan tèt yo. Kriminèl yo te sou motosiklèt ak yon yon machin (pick up) san plak, toujou daprè temwen yo. Lapolis poko fè okenn arèstasyon.
Malgre mannèv sapè ponpye yo, dife a gentan fè anpil dega nan lokal la. Pa gen moun ki viktim nan dife sa ki te pran nan lokal Evazyon an bò 10 zè nan aswè a.
Endividi mete dife nan lokal la yon jou aprè pwopriyetè a, kòmandan Berson Soljour, fin nome nan tèt DCPA. Nan yon moman tou kote gen gwo chirepit anndan Polis nasyonal Ayiti a.
Kreyòl Enfo