Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Pwotestasyon

Pòtoprens, 2 moun blese anba bal pandan manifestasyon opozisyon an lapolis kraze ak gaz lakrimojèn

👤 Kreyòl Enfo 18/10/202018/10/2020
Kreyòl Enfo 18/10/202018/10/2020

Kreyòl Enfo, 18 oktòb 2020.- Nan lokazyon komerasyon lanmò Anperè Jan Jan Desalin ayè samdi 17 oktòb la, plizyè milye moun te pran lari pou denonse fenomèn ensekirite a epi egzije demisyon Jovenel Moise nan tèt Leta a. Plizyè lidè politik pami yo André Michel ak ansyen senatè Antonio Cheramy alyas Don K-To te prezan nan manifestasyon sa kote pwotestatè yo t ap lanse anpil pawòl piman bouk kont ekip Tèt Kale a.

Kolaboratè Kreyòl Enfo (KE) ki te prezan nan manifestasyon sa konstate pou pi piti 2 moun blese anba bal nan zòn Dèlma 95. Plizyè militan akize yon gwoup endividi yo di ki pwòch pouvwa a ki ta tire sou manifestan yo.

»   Ayiti tansyon : 3 machin Radyo ak Televizyon Ginen pase anba flanm dife

Manifestan yo pat reyisi fè tout pakou yo te anonse a akoz fòs lòd ta pral itilize anpil gaz lakrimojèn pou kraze manifestasyon an depi nan zòn Dèlma 60. Youn nan pòt vwa polis nasyonal Ayiti a (PNH, sig nan lang franse) di ajan fòs lòd yo te « oblije » kraze manifestasyon an pou te anpeche gen derapaj.

Te gen gwo mouvman pwotestasyon tou nan plizyè lòt vil peyi a toujou pou fòse prezidan Jovenel Moise demisyone.

Nan vil Okap, ansyen senatè Jean Charles Moise te nan tèt plizyè milye moun ki t ap egzije demisyon pouvwa Tèt Kale a. Lidè Pitit Desalin te depoze yon bouke flè nan abitasyon Kòmye, lokalite kote lonbrit Anperè a te antere daprè plizyè istoryen.

»   Jovenel Moise boude Pon wouj epi depoze yon bouke flè MUPANAH pou onore memwa Anperè Desalin

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Dèlma 95Gaz lakrimojènmanifestasyonopozisyonPwotestasyon
Kreyòl Enfo

Anvan
Ensekirite : yon polisye fanm tonbe anba bal bandi nan komin Petyonvil
Aprè
IJAN : Bandi ak zam kidnape ansyen foutbolè Johnny Descolines

ou ka enterese

Kafou : yon moun mouri pandan manifestasyon pou...

24/10/2020

Pwotestasyon nan zòn Mòn Kabrit kont desizyon Leta...

26/06/2020

Gwo pwotestasyon pandan lantèman yon ouvriye faktori nan...

31/07/2020

IJAN : nan lantouray palè nasyonal, yon manifestan...

18/11/2020

Gonayiv : pwotestasyon yon gwoup chofè kamyon pou...

29/06/2020

Lapolis kraze « sit-in » devan ministè jistis la, Nou...

06/07/2020

Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote...

18/01/2021

Yon gwoup anplwaye badijonnen lokal ministè pou afè...

29/06/2020

Etidyan pran bal, machin boule : yon lòt...

11/09/2020

Pwotestasyon : twa (3) machin Leta pase anba...

12/09/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
    IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
  • Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
    Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
  • Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
    Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
  • Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
    Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
  • Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
    Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
  • Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
    Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
  • IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
    IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
  • Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2
    Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2
  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.