Kreyòl Enfo, 26 me 2020.- Rèsponsab Unibank yo pran desizyon fèmen pòt anviwon 10 lokal akoz plizyè anplwaye gen sentom ki sanble ak nouvo kowonaviris la. Pi fò nan lokal sa yo twouve yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la.

Direksyon Unibank deja alète otorite lasante yo yon mannyè pou yo fè tès kovid-19 pou anplwaye sa yo ki gen lafyèv, tèt fèmal, tous ak kò fèmal. Anplwaye sispèk yo deja rete nan karantèn lakay yo annatandan rezilta egzamen yo, daprè enfòmansyon ki rive jwenn redakasyon Kreyòl Enfo.
Men lis lokal (sikisal) ki fèmen yo :
– Latan (Kwadèboukè) ;
– Wout Frè 1, Wout Frè 2 (Petyonvil) ;
–Dèlma 32 (Dèlma) ;
–Tor 2 (Kafou) ;
– Klèsin (Taba) ;
–Gran ri (Pòtoprens) ;
Lenbe (Nò).
Dèlma, Pòtoprens, Petyonvil, Kwadèboukè ak Taba se senk komin kote plis moun enfekte ak nouvo kowonaviris la. Zòn metwopolitèn Pòtoprens la se episant epidemi sa ki deja enfekte 1 063 moun nan tout peyi a, daprè dènye bilan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon.
Kreyòl Enfo