Kreyòl Enfo, 7 janvye 2021.- Konsèy Elektoral pou yon ti bout tan an (KEP) pibliye, jodi jedi a, kalandriye sou yon ansanm aktivite li ta dwe reyalize pandan ane 2021 an. Daprè kalandriye sa, KEP a pwograme yon referandòm nan lide pou chanje konstitisyon peyi a epi òganize eleksyon pou pòs prezidan, palmantè ak manm kolektivite tèritoryal yo.
Direktè egzekitif Konsèy la, Max Délice, ki t ap bay detay sou kalandriye a presize referandòm nan ta dwe reyalize nan dat 25 avril 2021. Rezilta referandòm sa ap pibliye 2 me 2021, aprè yon peryòd kontestasyon.
19 septanm 2021 se dat kalandriye a prevwa pou òganize premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislativ yo nan peyi a. Dezyèm tou eleksyon prezidansyèl ak lejislativ yo ansanm ak eleksyon minisipal ak lokal yo ta dwe fèt 21 novanm 2021. Rezilta definitif eleksyon sa yo ta dwe pibliye nan peryòd soti 17 desanm 2021 pou rive 22 janvye 2022.
Konsèy Elektoral Pwovizwa Madanm Guylande Mésadieu ap dirije a ap fonse san gade dèyè malgre divès sektè nan peyi a konteste fason prezidan Jovenel Moise te monte enstitisyon an kote manm yo pa janm rive prete sèman devan jij lakou kasasyon yo.
Kreyòl Enfo