
Kreyòl Enfo, 25 septanm 2020.- Polisye Jean Pascal Alexandre, manm Brigad k ap lite kont trafik dwòg (BLTS, sig nan lang franse) ki te fèmen nan prizon penitansye nasyonal depi plizyè mwa jwenn liberasyon l jodi vandredi 25 septanm nan. Jean Pascal Alexandre jwenn liberasyon l aprè li te fin reponn kesyon jij enstriksyon Rénor Régis.
Polisye a ki se manm Sendika Polis Nasyonal Ayiti a (SPNH-17) gen sou do l akizasyon asasina, asosyasyon malfektè, trafik zam elatriye. Mèt André Michel ak Mèt Dieujuste te akonpaye Jean Pascal Alexandre nan moman li t ap reponn kesyon jij Rénor Régis.
Plizyè manm Fantom 509 ki abitye pran lari pou reklame liberasyon polisye a te prezan nan lokal pakè a. Yo pa kache satisfaksyon yo aprè liberasyon sa.
Kreyòl Enfo