Wanament, 21 janvye 2019 .- kat (4) moun mouri, pase dis (10) lòt blese nan yon aksidan machin, maten lendi a (21), sou wout nasyonal nimewo 6 la. Moun ki blese yo deja ap pran sou kabann plizyè lopital nan rejyon an, daprè sa, daprè sa Kreyòl Enfo konstate.
Aksidan sa fèt pandan yon kamyon t ap soti Okap ak yon gwoup machann pou mennen nan mache Ayisyen ak Dominiken ki sou fwontyè a.
Youn nan jij depè Wanament yo, Pierre Reneau, ki te fè konsta legal yo bay lòd pou leve kadav viktim yo mete nan mòg.
Kreyòl Enfo