Pòtoprens, 9 janvye 2019 .- Batay pou egzije lajistis fè limyè sou lajan pwogram PetwoKaribe a rantre nan yon lòt faz jodi mèkredi 9 janvye 2019 la.
Depi byen bonè maten an, plizyè sitwayen ki pote yo kòm pati sivil nan dosye a tanmen yon grèv grangou devan lokal pakè Pòtoprens.
Kèk nan sitwayen sa yo ki pale ak kolaboratè Kreyòl Enfo eksplike yo tanmen grèv sa paske yo estime jij enstriksyon Ramoncite Accimé pa janm pran okenn desizyon ki montre l ap vanse ak dosye a.
Pwotestatè yo panse jij la ta dwe kòmanse tande epi fè arete plizyè gwo zotobre nan Leta a ki gen non yo site kòm moun ki te patisipe nan gagòte lajan Petwokaribe a.
Sitwayen sa yo anonse yo pap kanpe sou grèv grangou a tout tan jij enstriksyon Ramoncite Accimé pa pran responsabilite li.
Widner Saint-Jean, Eddy Africah, Johnny Joseph, Colin Johnson se kèk pami sitwayen ki tanmen grèv grangou sa.
Kreyòl Enfo