Kreyòl Enfo, 19 jiyè 2019 .- Ansyen premye minis Laurent Salvador Lamothe pa prezante, ayè lendi (29), devan jij enstriksyon Ramoncite Accimé nan kad ankèt k ap mennen sou dosye Petwo karibe a.
Toutfwa, depi vandredi pase a, avoka k ap defann ansyen chèf Primati te depoze yon rekèt devan kabinè jij la pou mande repòte seyans la paske » obligasyon pwofesyonèl » lakoz Laurent Lamothe bloke nan peyi etranje. Jij Ramoncite Accime ki konfime li resevwa rekèt avoka yo poko fikse okenn lòt dat pou tande ansyen premye minis tèt kale a.
Ansyen Premye minis Jean Max Bellerive, Ansyen minis ekonomi ak finans Wilson Laleau ak Marie Carmelle Jean-Marie te deja boude envitasyon jij Ramoncite Accimé ki gen misyon pou fè limyè sou pase 4 milya dola vèt ki gagote pandan pwogram PetwoKaribe a .
Kreyòl Enfo