Pòtoprens, samdi premye desanm 2018.- Soti premye oktòb pou rive 30 novanm ki sot pase a anviwon 4 moun mouri anba bal bandi chak jou nan Pòtoprens ak zòn ki antoure l yo, daprè yon premye bilan Komisyon episkopal nasyonal jistis ak lapè (Ce-Jilap) pataje ak Kreyòl Enfo.
Responsab òbsèvasyon nan Ce-Jilap la, mèt Rovelson Appolon presize enstitisyon an konte 202 moun ki pèdi lavi yo anba bal sou yon total 230 ki viktim zak vyolans nan kapital la.
Katye Matisan, Lasalin ak lantouray yo se zòn ki gen plis viktim pandan peryòd sa, toujou daprè Komisyon episkopal jistis ak lapè.
Rovelson Appolon di se paske Leta demisyone ki lakoz kantite moun sa yo ap mouri san otorite yo pa fè anyen.
Ce-Jilap konseye otorite nan Lera yo pran dispozisyon pou frennen ensekirite ki blayi nan kapital la sitou pandan fèt nwèl ak finisman ane a kote anpil moun pral pran lari pou regle aktivite yo.
Dalès Buteau