Kreyòl Enfo, 13 fevriye 2019 .- Abitan plizyè katye ak bokit nan men fè laviwonn kapital la, jodi mèkredi a, ap bouske dlo pou yo sèvi.
Majori, yon jèn demazèl ki t ap bouske dlo nan zòn Nazon, eksplike li « mache plizyè kilomèt » avan li resi jwenn « yon bokit dlo basen » pou benyen ak lave veso.
Bokit 5 galon an ki konn vann 5 goud koute 15 goud jounen jodi a, daprè presizyon Franswaz ki te gen yon bokit sou tèt li nan zòn Pòs Machan. Manman 3 pitit la regrèt « yon bokit dlo oblije benyen kat (4) moun » nan moman an.
Pwoblèm sa prezante nan plizyè katye kapital la sou 7e jounen operasyon 《peyi lock》ki vize deboulonnen Jovenel Moise sou pouvwa a.
Kreyòl Enfo