Pòtoprens, dimanch 13 janvye2019.- Òganizasyon dwa moun Defansè plis kritike, nan yon nòt, konpòtman manfouben otorite lapolis yo li estime ki pa fè anyen pou frennen bandi k ap fè vyolans sou abitan Kafoufèy, Pòtoprens, depi aprè nouvèl lanmò ansyen polisye Gregory Antoine, moun konnen sou non Tigrèg, nan lanwit mèkredi 9 janvye a.
Direktè egzekitif òganizasyon an, Antonal Mortimé, raple abitan Kafoufèy gen dwa pou yo viv nan lapè menm jan ak sitwayen tout kote.
Gwo zam fann fwa pa janm sispann tire prèske nan tout katye Kafoufèy ( Sid, Pòtoprens) depi aprè nouvèl lanmò polisye Gregory Antoine.
Enspeksyon jeneral Lapolis la te mete deyò Gregory Antoine,Ti Grèg, nan enstitisyon an aprè non li te fin site nan rapò Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (RNDDH) ak Fondasyon Je Klere (FJKL) kòm moun ki te patisipe nan masak Lasalin nan kote pou pi piti 71 moun te mouri, daprè RNDDH.
Kreyòl Enfo