Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Sante

Nòdès : yon kanpay sansibilizasyon pou ede
sitwayen yo lite kont kowonaviris

👤 Kreyòl Enfo 15/09/202015/09/2020
Kreyòl Enfo 15/09/202015/09/2020

Kreyòl Enfo, 15 septanm 2020.- Òganizasyon Platfòm Jan Nòdès (Plateforme genre du nord’est, nan lang franse) lanse nan biwo li nan sant vil Wanament, lendi 14 septanm nan, dezyèm faz kanpay sansibilizasyon kont epidemi Kovid-19 la ak vyolans baze sou « jan (genre) » nan 13 komin depatman an.

Kanpay sa k ap bout 9 oktòb k ap vini la a pral dewoule anba tèm : « Kowona pa fini, mete men poun metel atè plat ». Seremoni pou lanse dezyèm faz kanpay sa te dewoule devan reprezantan plizyè enstitisyon piblik ak aktè nan sosyete sivil la.

« Nou lanse dezyèm faz kanpay sansibilizasyon Platfòm lan nan objèktif pou diminye
kowona ak vyolans kap fèt sou fanm ak ti fi. Nou konstate fanm yo pa janm sispann sibi zak vyolans pandan kowona a toujou la, gen moun kap viv nan inyorans ki kontinye ap pran maladi a », eksplikasyon kowòdonatris Platfòm Jan Nòdès la, Jésula Blanc.

»   Penitansye nasyonal konfime 11 prizonye kontamine ak kowonaviris

Militant la raple Platfòm lan te deja òganize, soti 25 me pou rive 5 jen pase a, yon premye kanpay sansibilizasyon ki te touche tout 13 komin depatman an. Jesula Blanc presize pandan kanpay sa ap gen « mesaj pou sansibilize sitwayen yo, distribisyon afich ki gen enfòmasyon sou kòman pou moun yo aji, elatriye »

Oxfam ak OIM se prensipal òganizasyon etranje ki bay bourad lajan ak teknik pou
pèmèt aktivite yo fèt epi Ministè sante piblik ak popilasyon bay Platfòm lan otorizasyon pou fè aktivite yo nan tout depatman an san pwoblèm.

Dapre dènye avi nimewo 161 Ministè sante piblik ak popilasyon mete deyò sou kantite moun ki gen kowonaviris nan peyi a, Nòdès se 6 zyèm depatman ki gen plis moun ki gen kowona viris ak yon total 253 ka pozitif pami yo 6 deja mouri.

»   Ayiti, enstitisyon ki disponib pou fè tès kowonaviris la konsantre nan kapital la

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
EpidemiKowonavirisNòdèsWanament
Kreyòl Enfo

Anvan
PNH : Berson Soljour pran tèt Direksyon Santral Polis Administrativ
Aprè
Petyonvil : yon moun mouri ak plizyè lòt blese nan yon aksidan machin

ou ka enterese

Kowonaviris touye 627 moun pandan yon jounen nan...

20/03/2020

Kowonaviris : Bayèn Minik entèdi jwè l yo...

28/02/2020

Kowonaviris : Ajantin anile viza sitwayen ki soti...

12/03/2020

Itali : nan yon jounen, 250 moun mouri...

13/03/2020

Kowonaviris : Ayiti gen plis viktim pase Etazini,...

21/04/2020

Miragwàn, lopital Sent Terèz prèske pap fonksyone akoz...

06/11/2019

Gonayiv : lopital Lapwovidans gen pwoblèm gaz ak...

24/10/2019

Sendomeng : yon premye moun mouri ak kowonaviris

16/03/2020

Grandans, pase 30 moun kouche lopital aprè yo...

20/12/2018

Anpil peripesi pou yon malad jwenn laswenyay nan...

12/11/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
    Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
  • IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
    IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
  • Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
    Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
  • Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
    Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
  • Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
    Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
  • Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
    Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2
    Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2
  • IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
    IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.