Kreyòl Enfo, 11 novanm 2019.- Aswè a (7tè30), nan AT&T Center a, San Antonio Spurs ap resevwa Memphis Grizzlies. Spurs yo ap pwofite match sa pou retire ofisyèlman nimewo 9 Tony Parker te konn pote pandan 17 lane li fè ap jwe nan ekip la.
Menè fransè a te pran retrèt espòtif li 10 jen 2019 pase a aprè yon sezon li te pase nan Charlotte Hornets.
Ak San Antonio Spurs, Tony Parker ranpòte 4 tit NBA, patisipe 6 fwa nan All-star epi MVP finals 2007.
Parker se premye fransè ki chanpyon NBA. Se premye ewòpeyen tou ki fini MVP (meyè jwè) finals NBA.
Kreyòl Enfo