Kreyòl Enfo, 22 me 2020.-
Jerry Sloan ki te dirije ekip Utah Jazz la pandan 23 lane (1988-2011) mouri jodi vandredi 22 me a. Ansyen antrenè Jazz yo rann dènye souf li aprè plizyè lane ap goumen ak maladi « Parkinson ».

Jerry Sloan, 78 lane, te pèmèt franchiz Salt Lake City a jwe 2 final NBA pandan sezon 1997 ak 1998. De (2) final li ta pral pèdi devan Chicago Bulls ki te gen ladan l nan epòk la Micheal Jordan. Poutan, Jerry Sloan te demare karyè l kòm jwè epi kòm antrenè nan ekip Chicago Bulls.
Malgre li pa ranpòte okenn tit, Jerry Sloan se te yon lejand nan zafè antrenè NBA. Li pami 6 antrenè ki genyen plis match nan tout listwa lig la.
Utah Jazz ansanm ak plizyè gwo zetwal nan NBA a wete chapo pou salye memwa Jerry Sloan. Jazz yo raple se pi bèl paj listwa yo ki te fèmen lè Sloan kite yo nan lane 2011.
Kreyòl Enfo