Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Nan 15 jou, pase 17 300 ayisyen kouri kite Sendomeng pou retounen Ayiti

👤 Kreyòl Enfo 26/06/202026/06/2020
Kreyòl Enfo 26/06/202026/06/2020

Kreyòl Enfo, 26 jen 2020 .- Plis pase 17 336 ayisyen kouri kite Repiblik Dominikèn pou rantre Ayiti pandan 15 jou ki sot pase yo, daprè Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM, sig nan lang franse). Tout konpatriyòt sa yo ap kite Sendomeng malgre otorite dominikèn yo kòmanse pran dispozisyon pou louvri ekonomi peyi a.

Depi fwontyè 2 peyi yo fèmen ofisyèlman 16 mas pase a, OIM rive konte 57 669 ayisyen ki t ap viv Sendomeng ki deja retounen Ayiti san otorite dominikèn pa fòse yo. Chèf misyon an, Josué Gastelbondo, di OIM pa poze sitwayen sa yo okenn kesyon sou rezon ki ta pouse yo kite Repiblik Dominikèn. Toutfwa, rèsponsab la kwè se difikilte pou travay epidemi Kowonaviris la pwovoke ki lakoz Ayisyen yo retounen.

»   Repiblik Dominikèn : plizyè Ayisyen mouri nan yon aksidan machin

Majorite nan ayisyen ki kite Sendomeng yo t ap travay nan sektè konstriksyon ki prèske pa fonksyone depi epidemi Kovid-19 la. Gen anpil nan yo tou ki t ap travay nan sektè touristik ak komès. Gen ayisyen ki kouri kite Sendomeng paske yo pa jwenn lajan pou kay.

Pandan konpatriyòt ki t ap viv Repiblik Dominikèn ap kouri retounen Ayiti, sèlman pandan semèn ki sot pase a 6 356 lòt ayisyen travèse fwontyè pou rantre Sendomeng.

Chif Òganizasyon entènasyonal migrasyon yo konsène sèlman 4 pwen ofisyèl nan fwontyè Ayiti pataje ak Sendomeng ak 46 lòt kote sitwayen yo pase. Sepandan, gen plis pase 100 kote nan fwontyè 2 peyi yo moun pase pou rantre oubyen kite Ayiti.

»   IJAN : Sitiyasyon an konplike Etazini,1 169 moun mouri ak kovid-19 nan dènye 24 èd tan yo

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
dyasporaFwontyèKowonavirisOIMRepiblik Dominikènsendomeng
Kreyòl Enfo

Anvan
Aprè midi a, pakè Gonayiv tande pou premye fwa Emmanuel « Toto » Constant
Aprè
Pwotestasyon nan zòn Mòn Kabrit kont desizyon Leta pran pou fèmen min sab yo

ou ka enterese

Pou ane 2020 an, Racides konseye dirijan yo...

06/01/2020

Ensekirite : yon lòt viktim nan mitan Lapolis

01/04/2019

Ijan : ansyen depite Arnel Belizaire jwenn arèstasyon...

30/11/2019

Ensekirite : 2 polisye viktim nan Latibonit

06/02/2019

Opozisyon an anpeche Jovenel Moise rantre Okap, Chèf...

18/11/2019

Ayiti-Kowonaviris : Lwès se episant epidemi an ki...

26/05/2020

IJAN : Sitiyasyon an konplike Etazini,1 169 moun...

02/04/2020

Ayiti gentan pami 100 peyi kote kowonaviris kontamine...

30/05/2020

Ensekite : 2 polisye viktim anba bal pandan...

22/01/2019

Jovenel Moise salye 25 lane PNH la epi...

12/06/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal
    Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal
  • Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo
    Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.