
Kreyòl Enfo, 20 jiyè 2020.- Mouvman Popilè Desalinyen ( MOPOD, sig nan lang franse) denonse ansanm deklarasyon Prezidan Jovenel Moise fè pandan wikenn nan pandan « dyalòg kominotè » ak yon gwoup sitwayen nan palè nasyonal. Rèsponsab MOPOD yo wè nan deklarasyon chèf Leta a ki fè kwè « pèsonn pap ka pran pouvwa a nenpòt lè gen eleksyon » yon volonte pou tabli yon diktati nan peyi a.
Youn pòt pawòl MOPOD yo, Raphael André, ki pale ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE) di deklarasyon Jovenel Moise yo pa kadre ak prensip demokratik yo. « Pawòl Jovenel Moise yo se yon pwovokasyon, yo ta dwe revòlte tout bon demokrat nan peyi a », daprè Raphael André.
Rèsponsab politik la mande popilasyon an leve kanpe pou derasinen ekip Tèt Kale a nan tèt Leta a. Raphael André kwè sitiyasyon sosyal, ekonomik ak politik peyi a ap vin pi malouk si Jovenel Moise rete sou pouvwa a.
Aprè Jovenel Moise, MOPOD plede anvafè yon gouvènman tranzisyon ki ta dwe genyen pou misyon òganize konferans nasyonal la epi reyalize pwosè a. Raphael André di pa gen okenn posibilite pou MOPOD patisipe nan eleksyon ak Jovenel Moise nan tèt peyi a.
Kreyòl Enfo