
Kreyòl Enfo, 2 septanm 2020.- Abitan nan komin Monwi (Latibonit) dekouvri, maten lendi 31 dawout la, kadav 2 jèn gason nan plaj piblik Karyès la. Jij depè Jean Ricka Jules ki te fè konsta legal yo presize youn nan jèn gason sa yo mouri nwaye tandiske lòt la tonbe anba bal yon polisye.
Jij Jean Ricka Jules ki pataje kèk detay sou idantite viktim yo ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE) konfime youn rele Ronald Jean epi lòt la se Mackenson Debady.
Konsta legal yo montre Mackenson Debady ki te soti Pòtoprens mouri nwaye pandan yon « joune » nan lanmè . Lòt viktim nan, Ronald Jean, tonbe anba katouch yon polisye, daprè enfòmasyon abitan yo pataje ak jij Jean Ricka Jules ki di li konstate tou bal nan kadav la.
Poko gen presizyon sou rezon ki ta lakoz polisye a touye jèn gason sa.
Kreyòl Enfo