Kreyòl Enfo, 6 mas 2019 .- Divès pati ak òganizasyon politik ki nan opozisyon ak pouvwa Tèt Kale a anonse mobilizasyon jeneral pou fòse prezidan Jovenel Moise demisyone nan tèt peyi a ap rekòmanse demen jedi 7 mas la.
Rèsponsab divès pati politik pami yo MOPPOD, Mouvman Patriyotik Popilè Desalinyen, garanti prezans yo nan mobilizasyon sa k ap demare ak yon gwo manifestasyon nan kapital la.
Lidè Pitit Desalin nan, Moise Jean Charles, di pa gen okenn mwayen pou rezoud kriz politik ki nan peyi a si Jovenel Moise pa kite pouvwa a. Ansyen senatè Nò a deklare li pap patisipe nan okenn dyalòg ak Jovenel Moise.
Youn nan pòt pawòl Sektè Demokratik Popilè a, Mèt André Michel, mande sitwayen nan tout peyi a leve kanpe pou denonse kòripsyon, amizè epi egzije Jovenel Moise kite pouvwa a.
Foto : Edris Fortuné
Kreyòl Enfo