Kreyòl Enfo, 12 fevriye 2020 .- Etidyan ki soti nan plizyè fakilte Inivèsite Leta Ayiti a (ILA) manifeste pandan jounen mèkredi a (12), sou Channmas, kont ensekirite sitou fenomèn kidnaping nan ki fin pran peyi a.
Kolaboratè Kreyòl Enfo (KE) ki t ap swiv mouvman pwotestasyon sa konstate etidyan yo kraze plizyè estann ki t ap konstwi pou kanaval nasyonal la. Jèn fanm ak jèn gason sa yo ki pat mete dlo nan bouch yo pou kritike otorite ki nan tèt peyi a t ap rele » aba kidnaping », « aba kanaval ».
Ajan Kò entèvansyon pou tabli lòd (CIMO, sig nan lang franse) ki te deplòtonnen nan zòn nan te itilize anpil gaz lakrimojèn pou kouri dèyè pwotestatè yo.
Plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la anonse yon gwo mach pasifik nan kapital la vandredi 14 fevriye k ap vini la. Yon mach k ap òganize toujou nan objèktif pou mande rèsponsab yo pran rèsponsabilite fas ak fenomèn kidnaping lan.
Kreyòl Enfo