Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Militè dominiken touye 2 Ayisyen nan fwontyè Beladè ak Elyas Piñas

👤 Kreyòl Enfo 15/03/2019
Kreyòl Enfo 15/03/2019

Kreyòl Enfo, 15 mas 2019 .- Gwo tansyon nan komin Beladè ( depatman Sant), aprè midi vandredi 15 mas la, kote sòlda dominiken touye 2 sitwayen ayisyen epi blese plizyè lòt anba bal akoz yon chire pit pou tè.

Daprè enfòmasyon ki rive jwenn Kreyòl Enfo, yon ekip militè dominiken debake nan lokalite Karisal, komin Beladè, nan lide pou pran yon bout tè sou tèritwa ayisyen an pou konstwi yon kazèn.

Sòlda dominiken yo ki te debake ak elikoptè, cha degè, dwòn (ti avyon) ta pral tonbe nan afwontman ak yon gwoup sitwayen ayisyen ki pat vle kite dominiken yo pran moso tè a, daprè yon rèsponsab nan Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr).

»   Ayiti : 4 militè nan baz "Anakawona" kontamine ak kowonaviris

Ajan Inite depatmantal pou mete lòd (UDMO, sig nan lang franse) ki prezan nan depatman sant la pat ka fè anyen devan sitiyasyon an. Otorite nan komin nan mande Leta santral la fè tout sa ki posib pou retabli lapè fwontyè pou evite gen plis viktim.

18 dawout 2018, militè dominiken te deja touye anba bal plizyè konpatriyòt ayisyen nan komin Beladè.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
BeladèDominikenMilitè
Kreyòl Enfo

Anvan
Kafouyay nan palman an, 70 depite pran devan Sena a epi entèpele Jean Henry Céant
Aprè
Egzekitif la refize renouvle manda jij k ap ankète sou dosye jounalis Vladjimir Legagneur a

ou ka enterese

Ensekirite : yon polisye fanm tonbe anba bal...

18/10/2020

ULCC mande Lajistis lage koukouwouj dèyè ansyen minis...

15/11/2018

Etazini : kowonaviris touye pase 2 000 moun...

10/04/2020

Pòtoprens : kowonaviris touye yon jèn gason 18...

24/04/2020

Pòtoprens, plizyè antrepriz prive ak enstitisyon piblik zakaje

10/02/2019

FMI prete Ayiti 229 milyon dola ameriken

08/03/2019

Ensekirite : yon polisye tonbe anba bal nan...

20/02/2019

Ijan : Tout prizonye sove nan vil Aken

12/02/2019

Kowonaviris : lendi 18 me, anplwaye lopital jeneral...

16/05/2020

Akizasyon kadejak kont Dadou Jean-Bart, DCPJ louvri yon...

08/05/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Yon etidyan Fakilte Syans Moun (FASCH) blese anba bal lapolis
    Yon etidyan Fakilte Syans Moun (FASCH) blese anba bal lapolis
  • IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
    IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
  • Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
    Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
  • Gonayiv : pwotestasyon yon gwoup chofè kamyon pou reklame lajan yo te transpòte prizonye
    Gonayiv : pwotestasyon yon gwoup chofè kamyon pou reklame lajan yo te transpòte prizonye
  • Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
    Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
  • Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
    Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
    Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
  • Opozisyon an anonse 2 jounen grèv ak yon  manifestasyon pou senmenn nan
    Opozisyon an anonse 2 jounen grèv ak yon manifestasyon pou senmenn nan
  • 2 jèn fi pami yo yon polisyè mouri nan aksidan machin
    2 jèn fi pami yo yon polisyè mouri nan aksidan machin

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.