
Kreyòl Enfo, 11 dawout 2020.- Leta ayisyen pral deplòtonnen sòlda nan tout pwen ofisyèl ki sou fwontyè Ayiti ak Repiblik Dòminikèn, daprè enfòmasyon Kòmandan Fòs lame Ayiti a (FAd’H), Jodel Lessage konfime pou redaksyon Kreyòl Enfo (KE). Otorite yo pran desizyon sa aprè sòlda dominiken te monte semèn pase yon drapo Repiblik Dòminikèn sou tèritwa ayisyen an nan zòn fwontyè Malpas-Jimani. Sa ki te lakoz gwo eskonbrit nan fwontyè a.
Kòmandan Fòs lame fè kwè otorite yo ap etidye bon jan estrateji epi pran tout dispozisyon pou garanti sekirite tout tèritwa nasyonal la. Kòmandan Lessage anonse nan yon tan ki pa twò lwen se lame Ayiti a ki pral kontwole tout fwontyè peyi ki anlè, atè ak nan lanmè.
Jodel Lessage raple FAd’H louvri enskripsyon pou pèmèt jèn fanm ak jèn gason vin sèvi peyi yo. Li souliye nouvo sòlda ki pral fòme yo ap gen kapasite pou pwoteje tout fwontyè peyi a.
Kreyòl Enfo