Kreyòl Enfo, 25 novanm 2019 .- Yon jèn gason ki konn pwonmennen dlo pèdi lavi l anba bal, lendi 25 novanm nan, zòn Dèyè Lakwa, yon lokalite nan vil Mibalè (Sant).
Abitan nan zòn lnan lonje dwèt sou ajan fòs lòd yo kòm prensipal rèsponsab lanmò jenn gason sa. Yon sitiyasyon ki te kreye gwo latwoublay nan vil Mibalè.
Kolaboratè Kreyòl Enfo (KE) nan depatman Sant la konstate pwotestatè ki te move kou kong te mete anpil barikad epi boule kawoutchou nan divès kwen nan komin nan. Yo te tante mete dife tou nan lokal yon bank pandan yo t ap lanse anpil move pawòl kont pouvwa Tèt Kale a.
Ajan fòs lòd yo te lanse anpil gaz lakrimojèn epi tire anlè reprann kontwòl sitiyasyon an.
Kreyòl Enfo