Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Kilti

Meri Pòtoprens chwazi tèm kanaval 2019 la

👤 Kreyòl Enfo 11/12/2018
Kreyòl Enfo 11/12/2018

Pòtoprens, madi 11 desanm 2018.- Meri Pòtoprens pran devan nan kad planifikasyon pou òganize kanaval nasyonal k ap dewoule 3, 4 ak 5 mas 2019 k ap vini la a.

Nan yon kominike ki parèt madi 11 desanm nan, Administrasyon kominal Youri Chevry ap dirije a chwazi《 RESPEKTE LAVI》kòm tèm kanaval 2019 la.

Responsab Lameri yo raple kanaval se yon gwo fèt kiltirèl ki pote lajwa nan kè moun, konsa nou kapab pwofite moman sa tou pou n reflechi epi diskite sou valè nou tout pataje. Administrasyon kominal la kwè lanmou pou lavi se pi gwo valè moun pataje.

Responsab lameri yo anonse òganizasyon 2 konkou nan lide pou pèmèt atis ak gwoup mizikal yo respekte tèm lan.

»   Yon polisye ak yon sispèk mouri anba bal sou Channmas

Youn nan konkou yo ap chita sou tèm kanaval la ki vize bay gwoup mizikal oubyen atis ki byen trete l la yon cha pou l jwe pandan 3 jou yo.

Lòt konkou a ap reyalize sou logo kanaval la yon fason pou pèmèt lide popilasyon an pase nan dewoulman pi gwo fèt kiltirèl peyi a. Ekip k ap jere òganizasyon kanaval la ap soti kondisyon pou gwoup ak atis kapab patisipe nan konkou sa nan jou k ap vini yo.

‘’Lavi se yon dwa!
Respekte lavi se yon devwa!
Kanaval, se pi bèl moman pou n selebre lavi!’ ‘, se ak mo sa yo Meri Pòtoprens mete bout nan kominike a.

»   Gonayiv, sitwayen yo gen gwo dout sou kanaval nasyonal la

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
kanaval 2019meri Pòtoprens
Kreyòl Enfo

Anvan
Majistra Pòdepè a di li pa resevwa okenn materyèl nan men Prezidan Jovenel Moise
Aprè
Boutofen, pwojè lwa finans 2018-2019 la depoze nan palman an

ou ka enterese

Pou onore manman yo, Juno7 ofri « Melani » sou...

30/05/2020

Grandans, pase 30 moun kouche lopital aprè yo...

20/12/2018

Kanaval 2019 : Leta ayisyen prevwa depanse 190...

31/01/2019

Gonayiv, sitwayen yo gen gwo dout sou kanaval...

28/01/2019

Yon fèstival entènasyonal vodou nan vil Gonayiv

01/04/2019

 » Soup libète », yon inisyativ pou remanbre tradisyon...

21/12/2018

Gonayiv mobilize pou resevwa 4e etisyon « File l...

29/03/2019

《Madan Keloke 》fè vwèl pou peyi san chapo

20/12/2018

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
    IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
  • Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
    Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
  • Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
    Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
  • Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
    Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
  • IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
    IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
  • Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
    Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
  • Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
    Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
  • Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
    Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.