Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Manifestasyon machann Petyonvil : « pito kowonaviris touye nou, grangou pa touye nou »

👤 Kreyòl Enfo 23/04/202023/04/2020
Kreyòl Enfo 23/04/202023/04/2020

Kreyòl Enfo, 23 avril 2020 .- Pandan epidemi kovid-19 la kòmanse ap vale teren nan peyi a, plizyè dizèn machann manifeste nan lari Petyonvil jodi jedi a (23) pou fòse lameri retire arete kominal ki anpeche al vann nan mache chak jou.

Sou malè ki pandye sou tèt chak grenn sitwayen akoz nouvo kowonaviris la, pwotestatè yo t ap chante « pito kowona [kovid-19] touye nou, olye se grangou ki touye nou». Machanm yo repwoche lameri Petyonvil yo di ki « fèmen mache a epi kite tout gwo biznis ap fonksyone nan komin nan».

Nan yon arete kominal ki te pibliye nan kòmansman mwa avril la, Majistra Dominique Saint Roc pase lòd pou mache a louvri pandan sèlman 3 jou sa nan yon semèn. Yon desizyon majistra a di li pran pou anpeche pandemi kovid-19 la gaye nan komin nan.

»   Ijan : Dram sou wout ayewopò, 8 moun peri nan yon aksidan machin

Anpil moun repwoche lameri Petyonvil yo di ki pran desizyon pou redwi nan fonksyfònman mache san okenn mezi asistans pou akonpaye machann yo.

Daprè bilan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon pibliye ayè mèkredi a, Petyonvil se komin ki gen plis moun kontamine ak nouvo kowonaviris la (12) aprè Dèlma (14).

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Dominique Saint-RocKowonavirisMache piblikmanifestasyonPetyonvil
Kreyòl Enfo

Anvan
Youn nan 3 depòte ki enfekte ak kowonaviris la sove kite sant izòlman an
Aprè
Pou yon plat manje, yon ti ayisyen pase 12 mwa nan prizon; entènot yo revòlte

ou ka enterese

Yon gwoup depite menase boykote seyans asanble nasyonal...

14/01/2019

Ayiti-siklòn : 5 moun pou piti deja mouri...

23/08/2020

Dosye zam Senmak : yon ansyen minis enteryè...

15/11/2018

PetwoKaribe : Menm jan ak Lamothe, Laleau pa...

24/07/2019

Yon polisye ta touye tèt li anndan prizon...

17/04/2019

Etazini : yon sipèsta NBA pèdi manman l...

14/04/2020

Operasyon 《peyi lock》: kapital la ap fè fas...

13/02/2019

Yon gwo biznisman mouri nan penitansye nasyonal ak...

29/05/2020

Atis ayisyèn Yama Laurent, chanpyon  » The Voice »...

05/01/2019

Leta ayisyen pote plent lajistis kont moun ki...

04/02/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal
    Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal
  • Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo
    Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.