Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Manifestasyon «Fantom 509» : deblozay nan lari Pòtoprens, plizyè jounalis blese

👤 Kreyòl Enfo 07/06/202007/06/2020
Kreyòl Enfo 07/06/202007/06/2020

Kreyòl Enfo, 7 jen 2020 .- Gwo tansyon nan lari Pòtoprens ak Dèlma, maten dimanch la, pandan manifestasyon gwoup polisye «Fantom 509» yo k ap egzije liberasyon kòlèg yo Alexandre Jean Pascal ak pi bon kondisyon pou yo travay. Pou pi piti 3 jounalis blese pandan polisye ki nan machin blede ap tire gaz lakrimojèn pou gaye pwotestatè yo ki t ap rasanble nan kafou ayewopò.

Jounalis Jessica Jourdaint k ap travay pou medya nimerik La Brève Info blese nan jenou ak yon bonbòn gaz lakrimojèn . Jessica Jourdaint ap pran laswenyay nan yon lopital kapital la. De (2) lòt jounalis blese tou aprè yo te fin tonbe pandan polisye ki nan machin blede yo t ap simaye gaz lakrimojèn.

»   Ijan : Dram sou wout ayewopò, 8 moun peri nan yon aksidan machin

Ajan fòs lòd yo ap fè anpil mannèv pou anpeche manm «Fantom 509» yo ansanm ak militan ki akonpaye yo manifeste nan lari jodi a. Polisye yo tire gaz lakrimojèn sou tout gwoup yo sispèk k ap rasanble nan lari a.

Nan moman an (12:00), anpil katouch ap tire nan zòn kafou ayewopò, Channmas, San fil ak Lali. Gen kawoutchou k ap boule nan divès kafou nan komin Dèlma ak Pòtoprens. Anpil sitwayen ki te nan lari ap kouri pou rantre lakay yo.

Deblozay sa eklate nan kapital la nan mitan epidemi Kovid-19 la . N ap raple zòn metwopolitèn Pòtoprens deja genyen plis pase 2 500 moun kontamine, daprè otorite lasante yo.

»   Jovenel Moise salye 25 lane PNH la epi denonse "yon sektè ki vle divize enstitisyon an"

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Alexandre Jean PascalFantom 509Jounalis blesemanifestasyonPNH
Kreyòl Enfo

Anvan
Aprè 3 lane, Ayiti gen yon nouvo bidjè ki evalye ak 198.7 milya goud
Aprè
IJAN : Yon enspektè polis ta touye tèt li nan komisarya Gonayiv la

ou ka enterese

Yon mwa aprè, Jovenel Moise pale pou premye...

10/12/2018

Yon sekirite senatè Nenel Cassy pran yon bal...

18/11/2018

Pakè Pòtoprens entèdi kòdonatris jeneral sendika lapolis la,Yanick...

19/05/2020

Luckner « Louko » Désir libere aprè anviwon 60 minit...

03/04/2020

Gonayiv, yon foul moun manifeste kont Jovenel Moise...

05/12/2019

Ayiti-kowonaviris: plis pase 20 prizonye kontamine pami yo...

05/06/2020

Mobilizasyon jeneral pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa...

31/01/2021

Sitiyasyon difisil nan peyi Brezil, kowonaviris touye 751...

08/05/2020

Sendika asosyasyon pwopriyetè ak chofè Ayiti yo pap...

25/11/2018

Kafou : Yon polisye tonbe anba bal nan...

23/08/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Plizyè milye moun deja mobilize sou Channmas ak kafou ayewopò pou demare ak manifestasyon kont Jovenel Moise la
    Plizyè milye moun deja mobilize sou Channmas ak kafou ayewopò pou demare ak manifestasyon kont Jovenel Moise la
  • RENAMEL denonse "deklarasyon irèsponsab" Jovenel Moise fè kont jounalis yo pandan rankont Konsèy sekirite ONU an
    RENAMEL denonse "deklarasyon irèsponsab" Jovenel Moise fè kont jounalis yo pandan rankont Konsèy sekirite ONU an
  • IJAN : Arnel Joseph, ansyen chèf gang Vilajdedye, tonbe anba bal lapolis
    IJAN : Arnel Joseph, ansyen chèf gang Vilajdedye, tonbe anba bal lapolis
  • Pòtoprens : pwotestasyon devan lokal ministè ekonomi ak finans
    Pòtoprens : pwotestasyon devan lokal ministè ekonomi ak finans
  • Kidnaping : Powèt "Ti Nèg" ansanm ak 2 dominiken bandi te kidnape semèn pase a jwenn liberasyon yo
    Kidnaping : Powèt "Ti Nèg" ansanm ak 2 dominiken bandi te kidnape semèn pase a jwenn liberasyon yo
  • Gwo pwotestasyon pandan lantèman yon ouvriye faktori nan komin Kafou
    Gwo pwotestasyon pandan lantèman yon ouvriye faktori nan komin Kafou
  • Kwadèboukè : yon dividal prizonye sove, pou pi piti 7 moun mouri
    Kwadèboukè : yon dividal prizonye sove, pou pi piti 7 moun mouri
  • Mèt Gédéon Jean pote plent kont Michel Martelly ak Roro Nelson
    Mèt Gédéon Jean pote plent kont Michel Martelly ak Roro Nelson
  • Lapolis kraze "sit-in" devan ministè jistis la, Nou Pap Dòmi mande popilasyon an leve kanpe
    Lapolis kraze "sit-in" devan ministè jistis la, Nou Pap Dòmi mande popilasyon an leve kanpe
  • "Car Wash" nan ri lantèman : yon moun mouri, plizyè lòt blese anba bal
    "Car Wash" nan ri lantèman : yon moun mouri, plizyè lòt blese anba bal

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.