Kreyòl Enfo, 19 me 2020.- Prezidan Jovenel Moise diskite jodi madi a (19) ak tokay li Andry Rajoelina sou posibilite pou Madagascar ak Ayiti boukante enfòmasyon konsènan epidemi kovid-19 la. Prezidan malgach la tou pwofite prezante medikaman Covid Organics la.

Pandan rankont vityèl sa, prezidan Jovenel Moise di « Ayiti, n ap swiv ak anpil atansyon kòman pandemi an ap vanse nan kontinan afriken an, Oseyan endyan ak tout lòt kote nou gen frè ki soti nan menm ras ak nou. Mwen wete chapo pou salye Prezidan, fason ou montre solidarite w lè w mete Covid Organics la disponib pou lòt pèp. Ayiti, nou deja travèse anpil move moman. Pik epidemi an ka rive nan mwa jiyè. (…) Mwen pwopoze pou pa sèlman mete Covid Organics la disponib pou nou, men tou pou syantifik malgach yo bwase lide ansanm ak komisyon k ap jere pandemi an Ayiti yon manyè pou n pi byen bay plant natirèl nou yo valè».
Dirijan malgach la ki di li rekonèt « Ayisyen yo se frè nou » pwomèt pou « bay Ayiti bourad » nan batay kont pandemi kovid-19 la.
Covid Organics la se yon tizann ki fèt ak plant natirèl tankou Amwaz. Otorite malgach yo ki te prezante medikaman sa ofisyèlman nan mwa avril pase a eksplike yon moun ka bwè Covid Organics la pou anpeche nouvo kowonaviris la kontamine l oubyen pou geri si w te gentan enfekte.
Otorite Madagascar yo nan gwo bouch louvri ak Òganizasyon Mondyal Sante (OMS) ansanm ak peyi oksidantal yo sou medikaman Covid Organics la. Pou rive jodi a, Madagascar gen yon sèl moun ki mouri ofisyèlman ak nouvo kowonaviris la.
Kreyòl Enfo