Kreyòl Enfo, 12 me 2020 .- Minis Jistis ak Sekirite piblik la, Lucmane Delille, konsidere «Fantom 509» tankou yon gwoup teyoris. Mèt Delille ki di manm gwoup sa pa ta ka polisye prevwa mande konkou gouvènman etranje pou konbat yo.

Gouvènman an panse se ansyen polisye ki te revoke pou move zafè ki ta konpoze Fantom 509. Minis jistis la denonse aksyon « teyoris » gwoup sa li di ki pran plezi nan atake ministè finans ak lajis.
Minis jistis la mande rèsponsab sendika lapolis la ki te rankontre ak li semèn pase a pou pran distans yo piblikman ak vyolans gwoup Fantom 509 la. Li siyale se sendika a ki plase pou defann enterè polisye yo.
Mèt Lucmane Delille konfime lajistis ak lapolis deja resevwa lòd pou kontrekare tout manm gwoup Fantom 509 yo. Li avèti gwoup la otorite yo pap tolere okenn zak vyolans ankò nan lari.
Malgre deklarasyon minis jistis la, enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Kreyòl Enfo fè kwè manm Fantom 509 yo ap pare pou pran lari nan jou k ap vini la yo.
Kreyòl Enfo