Pòtoprens, 14 janvye 2019 .- Charles Moise anonse, nan yon lèt li voye bay prezidan venezyelyen an, plizyè mouvman pwotestasyon pou denonse vòt Ayiti anfavè rezolisyon Òganizasyon Leta ki nan Amerik yo ( OEA, sig nan lang franse) kont Nicolas Maduro.
Lidè Pitit Desalin nan ki raple anpil avantaj Ayiti benefisye nan men pouvwa Maduro a di l ap fè yon vizit koutwazi Venezyela avan lontan.
Jean Charles Moise fè kwè vòt dirijan ayisyen yo pa tradwi volonte pèp ayisyen an.
Kreyòl Enfo