Kreyòl Enfo, 25 mas 2019 .- Ofis nasyonal avyasyon sivil (OFNAC, sig nan lang franse) anonse, nan yon kominike ki pote dat 15 mas, Boeing 737-8 MAX ak 737-9 MAX pa gen dwa poze sou tèritwa ni vole nan syèl Ayiti.
OFNAC pran desizyon sa aprè aksidan avyon Boeing 737-8 MAX ki te touye yon dividal moun nan peyi Etyopi semèn pase yo. Ankèt toujou ap mennen sou rezon ki lakoz avyon konpayi Ethiopia Airlines la te tonbe 6 minit sèlman aprè li fin kite tè.
Modèl Boeing sa yo te deja enplike nan yon aksidan nan menm kondisyon an nan finisman ane pase a.
Menm jan ak anpil peyi, Ayiti atravè OFNAC entèdi Boeing sa yo poze sou tèritwa oubyen vole nan syèl Ayiti jiskaske limyè fèt sou sikonstans ki lakoz 2 avyon menm modèl la fè aksidan nan mwens pase 6 mwa.
Kreyòl Enfo