Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Lekòl, transpò, komès : aktivite yo paralize nan kapital la

👤 Kreyòl Enfo 19/11/2018
Kreyòl Enfo 19/11/2018

Pòtoprens ak zòn ki nan lantouray li yo leve kanyank kanyank maten lendi 19 novanm 2018 la. Kolaboratè Kreyòl Enfo ki gaye nan kapital la konstate aktivite yo pap fonksyone jan sa abitye fèt kote gen kawoutchou k ap boule nan plizyè zòn.

Kalfou ayewopò, Pòs machan, Pòtay Leyogàn ak lòt estasyon nan kapital la prèske pa gen machin pou pote pasaje. Sitwayen ki bezwen al nan aktivite yo oblije mache plizyè kilomèt oubyen pran taksi moto.

Lekòl pa fonksyone tou nan kapital la. Plizyè etablisman eskolè rete ak pòt yo fèmen.

Nan moman n ap ekri tèks la (8:00), pòt tout gwo magazen fèmen sou Dèlma a. Se menm sitiyasyon an anba lavil Pòtoprens kote mache Kwabosal ak zòn Lasalin prèske pa gen ti machann.

»   Manifestasyon Okap: yon fanm 65 lane tonbe anba bal Lapolis

Barikad ak kawoutchou bloke plizyè wout nan kapital la. Dèlma 18, Sanfil ak Nazon gen endividi k ap voye anpil wòch ak boutèy sou machin k ap tante pran lari a.

Plizyè inite nan lapolis la ap pwonmennen nan lari a.

Opozisyon demokratik popilè a ansanm ak divès lòt òganizasyon politik te lanse operasyon  » petwo blokaj » ki demare ak 2 jounen grèv pou jodi lendi ak demen madi a.

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
grèvlekòlmanifestasyon
Kreyòl Enfo

Anvan
Premye bilan Lapolis : 6 moun mouri, 5 lòt blese epi 23 arestasyon
Aprè
Ensekirite : moun Matisan mande sekou lapolis

ou ka enterese

Pòtoprens ak divès vil pwovens mobilize pou chavire...

11/06/2019

Jij depè Wifrid Lariviere maspinen grefye Yolette Forent...

14/08/2020

Ayiti-Tansyon : manisfetan sakaje biwo depite d’Haïti nan...

21/09/2019

Manifestasyon «Fantom 509» : deblozay nan lari Pòtoprens,...

07/06/2020

Madagascar pare pou sipòte Ayiti nan batay kont...

20/05/2020

IJAN : Kowonaviris touye yon dezyèm moun Ayiti

09/04/2020

Mèt Gédéon Jean pote plent kont Michel Martelly...

25/03/2019

Ijan : Ansyen Direktè jeneral Lapolis Godson Orelus...

26/02/2019

Dram : 7 moun mouri boule nan dife...

06/01/2019

Yon moun mouri, plizyè lòt blese : Vandredi...

20/09/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
    Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
  • MOPOD  mande tout sektè mobilize pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021
    MOPOD mande tout sektè mobilize pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021
  • Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
    Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
  • " Soup libète", yon inisyativ pou remanbre tradisyon nou
    " Soup libète", yon inisyativ pou remanbre tradisyon nou
  • Ensekirite : bandi kidnape yon enspektè polis epi egzije yon magogo lajan pou libere l
    Ensekirite : bandi kidnape yon enspektè polis epi egzije yon magogo lajan pou libere l
  • Ensekirite : yon gwoup jenn fanm tonbe nan fouye moun anba lavil (Pòtoprens)
    Ensekirite : yon gwoup jenn fanm tonbe nan fouye moun anba lavil (Pòtoprens)
  • Grandans : popilasyon an touye yon prezime bandi epi fouke 3 lòt remèt lapolis
    Grandans : popilasyon an touye yon prezime bandi epi fouke 3 lòt remèt lapolis
  • Jij depè Wifrid Lariviere maspinen grefye Yolette Forent nan komin Tomond
    Jij depè Wifrid Lariviere maspinen grefye Yolette Forent nan komin Tomond
  • Zile Kayimit, yon nouvo komin nan peyi a
    Zile Kayimit, yon nouvo komin nan peyi a

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.