Kreyòl Enfo, 24 janvye 2019 .- Gouvènman Vladimir Putin nan kritike, jodi jedi a, pozisyon Etazini ak lòt nasyon oksidantal tankou Brezil nan kriz politik k ap bwase bil peyi Venezyela a.
« Rantre bouch nan sa k ap pase anndan yon peyi kapab detwi epi louvri chimen sou yon « beny san » , daprè Ministè Relasyon Eksteryè Larisi a.
Lachin, Iran, Tiki, Meksik, Larisi se kèk peyi kontinye pote sipò yo bay Nicolas Maduro, aprè prezidan palman Venezyela an, Juan Guiadó,fin deklare se li menm ki prezidan peyi a.
Kreyòl Enfo