
Kreyòl Enfo, 3 septanm 2020.- Lapolis arete aswè mekrèdi 2 septanm nan Steveson Albert moun plis konnen sou non Djouma, chèf gang ki t ap taye banda nan zòn Simon/Pélé, yon katye ki nan lizyè komin Site Solèy ak Dèlma.
Daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Kreyòl Enfo (KE), fòs lòd yo fouke chèf gang la pandan li t ap prepare l pou kite katye Simon/Pele sou motosiklèt. Kèk endividi ki prezante yo kòm pwòch « Djouma » denonse arèstasyon an. Yo egzije liberasyon bandi a.
Steveson Albert alyas Djouma se youn nan manm « G9 en famille et alliés « , federasyon gang nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Plizyè sitwayen ak òganizasyon lonje dwèt sou Djouma ak Barbecue kòm prensipal rèsponsab zak latwoublay ki fèt nan katye Bèlè wikenn pase a.
Kreyòl Enfo