Kreyòl Enfo, 6 jiyè 2020.- Polisye nan plizyè inite espesyalize tankou UDMO, BOID ak ajan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) kraze « sit-in » yon gwoup sitwayen t ap òganize, jodi lendi a (6), devan lokal ministè lajistis kont kòripsyon ak ensekirite ki anvayi peyi a. Pi fò nan polisye sa yo ki te gen kagoul pou bouje vizaj yo tire anpil katouch ak gaz lakrimojèn pou kouri dèyè pwotestatè ki te gen bandwòl ak pankant nan men yo.
Nou Pap Dòmi, youn nan gwoup sitwayen ki te lanse mouvman sa, kondane ak tout fòs aksyon lapolis ki kraze yon mouvman pasifik ak gaz lakrimojèn epi gwo kout zam.Pwotèstatè yo siyale lapolis ap itilize gwo mwayen pou anpeche sitwayen defann dwa yo pandan bandi ap fè lalwa nan tout peyi a.
Sou Twitè, Nou Pap Dòmi mande tout popilasyon an leve kanpe epi reziste kont tantativ diktati yo di prezidan Jovenel Moise vle enstale nan peyi a. Rèsponsab mouvman petwotchalenndjè a di yo pa negosye ak kòwonpi.
Gwoup sitwayen ki te plante pikèt yo devan ministè lajistis la pwofite egzije pwosè PetwoKaribe a. Yo mande Lakou dèkont pibliye twazyèm pati rapò a.
Kreyòl Enfo