Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Lapolis arete 2 militan politik pandan manifestasyon Sektè Demokratik Popilè a

👤 Kreyòl Enfo 18/05/202018/05/2020
Kreyòl Enfo 18/05/202018/05/2020

Kreyòl Enfo, 18 me 2020 .- Patrice Célestin ak Guy Numa se non 2 militan politik lapolis arete, jodi lendi a (18), nan zòn Dèlma 31. Militan sa yo jwenn arèstasyon yo pandan manifestasyon yon branch nan opozisyon an t ap òganize kont pouvwa a Tèt Kale a.

Gwo eskonbrit te pete sou wout Dèlma a aprè arèstasyon militan yo. Pwotestatè yo ki t ap kritike fason prezidan Jovenel Moise ap jere epidemi kovid-19 la te tire anpil wòch sou fòs lòd yo ki yo menm te itilize gaz lakrimojèn epi tire anpil katouch pou kouri dèyè manifestan yo.

Pwofesè Josué Mérilien pase yon move moman tou pandan manifestasyon sa. Sendikalis la resevwa anpil pataswèl anba men polisye yo.

»   Senatè Joseph Lambert vire do bay prezidan Jovenel Moïse epi rantre nan opozisyon

Plizyè avoka ki pwòch Sekrè Demokratik Popilè a deja tanmen demach pou libere militan politik ki fèmen nan gadavi Komisarya Dèlma 33.

Lapolis, sou lòd komisè gouvènman Pòtoprens la, te deside kraze manifestasyon an pou anpeche, daprè sa yo di, epidemi kowonaviris gaye nan peyi a.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
ManifèsyasyonMilitan politikopozisyonSektè Demokratik
Kreyòl Enfo

Anvan
IJAN : ansyen senatè Saurèl Jacinthe kontamine ak kowonaviris
Aprè
4 jèn gason mouri nwaye nan lanmè Tigwav

ou ka enterese

Eskandal seksyèl : plizyè jwè foutbòl fanm akize...

30/04/2020

Lanmè vil Gonayiv anvayi ak lwil ki soti...

05/06/2019

Kowonaviris touye yon Enspektè polis ki t ap...

30/05/2020

Kovid-19 pouse prèske 25 000 Ayisyen kouri kite...

09/05/2020

Gonayiv, yon foul moun manifeste kont Jovenel Moise...

05/12/2019

Arnel Belizaire, ansyen depite Dèlma-Taba, pran tèt yon...

29/11/2019

Etazini, kowonaviris touye 2 228 moun pandan yon...

14/04/2020

Youn nan 3 depòte ki enfekte ak kowonaviris...

23/04/2020

Ofisyèl : Chèf Leta a chwazi Jean Michel...

09/04/2019

Jovenel Moise nome chantè Buzz la, MC Junior,...

08/07/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Kidnaping : Powèt "Ti Nèg" ansanm ak 2 dominiken bandi te kidnape semèn pase a jwenn liberasyon yo
    Kidnaping : Powèt "Ti Nèg" ansanm ak 2 dominiken bandi te kidnape semèn pase a jwenn liberasyon yo
  • Plizyè milye moun deja mobilize sou Channmas ak kafou ayewopò pou demare ak manifestasyon kont Jovenel Moise la
    Plizyè milye moun deja mobilize sou Channmas ak kafou ayewopò pou demare ak manifestasyon kont Jovenel Moise la
  • IJAN : Arnel Joseph, ansyen chèf gang Vilajdedye, tonbe anba bal lapolis
    IJAN : Arnel Joseph, ansyen chèf gang Vilajdedye, tonbe anba bal lapolis
  • RENAMEL denonse "deklarasyon irèsponsab" Jovenel Moise fè kont jounalis yo pandan rankont Konsèy sekirite ONU an
    RENAMEL denonse "deklarasyon irèsponsab" Jovenel Moise fè kont jounalis yo pandan rankont Konsèy sekirite ONU an
  • Kwadèboukè : yon dividal prizonye sove, pou pi piti 7 moun mouri
    Kwadèboukè : yon dividal prizonye sove, pou pi piti 7 moun mouri
  • Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo
    Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo
  • Pòtoprens : pwotestasyon devan lokal ministè ekonomi ak finans
    Pòtoprens : pwotestasyon devan lokal ministè ekonomi ak finans
  • Yon polisye ak tout inifòm tonbe anba bal bandi pandan li t ap tann kamyonèt pou al travay
    Yon polisye ak tout inifòm tonbe anba bal bandi pandan li t ap tann kamyonèt pou al travay
  • Yon prezime bandi mouri nan prizon sivil Okap la
    Yon prezime bandi mouri nan prizon sivil Okap la
  • Gwo pwotestasyon pandan lantèman yon ouvriye faktori nan komin Kafou
    Gwo pwotestasyon pandan lantèman yon ouvriye faktori nan komin Kafou

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.