
Kreyòl Enfo, 27 jen 2020.- Nancy Dorléan ak Sébastien Petit, 2 jèn dansè, fanmi yo t ap chèche depi dimanch 21 jen pase mouri. Ayè vandredi a, lapolis ak fanmi viktim yo dekouvri kadav yo boule nan komin Taba, zòn metwopolitèn Pòtoprens.
Nouvèl lanmò trajik 2 jèn dansè sa yo revòlte konsyans popilasyon an ki pa kache endiyasyon yo sou rezo sosyal yo. Atis, enfliyansè, entèlektyèl, politisyen tout sektè leve vwa yo pou denonse zak asasinay sa epi mande otorite yo pran responsabilite yo pou frennen machin ensekirite a ki pa sispann mete dlo nan je popilasyon an.
Fatima Altieri, se youn nan premye atis ki itilize rezo sosyal yo pou montre endiyasyon l epi egzije bon jan ankèt sou zak sa. Sou Fesbouk, atis la ekri « non yo pap ankenn repoze an pè! Yo bezwen envestigasyon ak jistis! mwen se Sissi mwen se Sebastien« .
Rutchelle Guillaume, ki li menm te viktim anba men zenglendo ki te kase kay li nan kòmansman mwa a, siyale pèsonn pa epanye anba fenomèn ensekirite a. Atis Rebèl ki pa kache tristès li di » manman, fanm, atis mwen ye a…tout nan detrès maten an. Youn pat pare pou resevwa move nouvèl Nancy ak Sébastien an. Mwen devaste.«
Plizyè entènòt k ap egzije bon jan limyè sou zak sa menase pou pran lari manifeste kont fenomèn ensekirite a. Yo souliye neglijans ak enkonpetans otorite yo ki chita ap gade bandi k ap fè lalwa.
Nancy Dorléan ak Sébastien Petit se 2 jèn dansè pwofesyonèl. Yo te soti al nan repetisyon pou patisipe nan yon pwogram « Live » ak atis Misty Jean.
Kreyòl Enfo