
Serge Gilles, ansyen prezidan Fusion
Kreyòl Kreyòl, 2 fevriye 2021.- Ansyen senatè epi gran konseye pati « Fusion Sociaux-démocrates » yo, Serge Gilles, mouri yèswa lendi premye fevriye a sou kabann lopital Kanapevè.
Serge Gilles, 85 lane, te kandida pou pòs prezidan nan lane 1990. Ansyen lidè pati « Fusion des sociaux-démocrates » yo t ap soufri anba maladi depi kèk tan.
Lanmò Serge Gilles lage anpil tristès nan mitan klas politik la. Plizyè lidè politik rakonte bon eksperyans yo fè akansyen dirijan PAMPRA a. Pou Edmonde S Beauzil, Serge Gilles se te yon moun ki renmen moun, yon lidè ki renmen konsansis.
Serge Gilles rann dènye souf li kèk jou sèlman aprè lanmò Anthony Babier, yon lòt lidè nan opozisyon politik la.
Kreyòl Enfo