Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
AktyaliteLanmò

Lanmò : komisè Carmel Florent, rèsponsab DCPR, mouri sou kabann lopital

👤 Kreyòl Enfo 01/06/202001/06/2020
Kreyòl Enfo 01/06/202001/06/2020

Kreyòl Enfo premye jen 2020 .- Rèsponsab Direksyon Sikilasyon ak Polis Woutyè a (DCPR, sig nan lang fransè), komisè Carmel Florent mouri aswè dimanch 31 me 2020 an. Pòt pawòl Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) Michel-Ange Louis Jeune ki konfime enfòmasyon an presize komisè divizyonè a rann dènye souf li sou kabann yon lopital nan kapital la.

Komisè divizyonè Carmel Florent

Michel-Ange Louis Jeune eksplike yo te transpòte rèsponsab DCPR a lopital 30 me pase a aprè li te fin santi li pa byen. Komisè Carmel Florent te gen gwo difikilte pou respire nan moman yo t ap kouri ak li lopital la.

Pòt pawòl lapolis la siyale viktim nan te deja ap soufri ak maladi sik (dyabèt). Toutfwa, Michel-Ange Louis Jeune konfime gen tès ki pral fèt sou kadav la pou detèmine si se kovid-19 ki touye komisè divizyonè a ki te pran tèt Direksyon Sikilasyon ak Polis Woutyè nan lane 2017.

»   Kowonaviris touye 6 polisye ayisyen pandan yon mwa

Plizyè gwo zotobre nan zotobre nan Polis Nasyonal Ayiti a kontamine ak nouvo Kowonaviris la pami yo direktè jeneral enstitisyon an Normil Rameau ansanm ak enspektè jeneral la Hervé Julien. Plizyè ajan deja pèdi lavi yo tou akoz epidemi an.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Carmel FlorentDCPRKomisè divizyonèlanmòPNHRèsponsab sikilasyon
Kreyòl Enfo

Anvan
Ayiti : plis pase 2 000 moun deja kontamine ak kowonaviris
Aprè
Sezon siklòn : Ayiti anba menas nenpòt 6 gwo ouragan

ou ka enterese

Kovid-19 : Jovenel Moise anonse Leta ap kòmanse...

13/04/2020

2 avyon ki soti « Turks and Caicos » ateri...

05/04/2020

Yon mwa aprè mouvman peyi lòk la, toujou...

17/01/2020

Yon polisye louvri kout zam sou 2 konpayèl...

02/12/2018

Kowonaviris : Jovenel Moise pwomèt 3 000 goud...

28/04/2020

Jean Charles Moïse preche linite nan mitan opozisyon...

05/11/2019

EJA konfime prezidan Jovenel Moise ap Okap 18...

16/11/2018

Yon ti bato koule nan lanmè zile Latòti,...

20/08/2020

Entèpelasyon : Jean Henry Céant chita nan sal...

18/03/2019

Kowonaviris : Défenseurs Plus konseye otorite lajistis yo...

22/05/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
    IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
  • Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
    Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
  • Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
    Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
    IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
  • Tigwav : yon pati nan lokal meri a boule aprè nominasyon "MC Junior " nan tèt komisyon kominal la
    Tigwav : yon pati nan lokal meri a boule aprè nominasyon "MC Junior " nan tèt komisyon kominal la
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
  • Yon polisye ak tout inifòm tonbe anba bal bandi pandan li t ap tann kamyonèt pou al travay
    Yon polisye ak tout inifòm tonbe anba bal bandi pandan li t ap tann kamyonèt pou al travay
  • Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
    Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
  • Iran : manifestan mete dife nan yon lopital k ap pran swen malad ki gen kowonaviris
    Iran : manifestan mete dife nan yon lopital k ap pran swen malad ki gen kowonaviris

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.