
Kreyòl Enfo, 28 dawout 2020.- Lantèman pwofesè Felder Charles ki mouri britsoukou, 23 dawout pase a, chante ayè jedi 27 dawout 2020 an nan legliz Sen Michel Jakmèl (Sidès). Aprè seremoni an, yo te transpòte kadav pwofesè nan lokalite Lamontay, seksyon kominal kote lonbrit li te koupe.
Ak anpil dlo nan je plizyè santèn elèv ak abitan Lamontay bay pwofesè Felder Charles yon dènye ochan aprè midi jedi a. Òganizasyon Lamontay An Aksyon (LAMAC, sig nan lang franse) raple Fedler Charles se te yon sitwayen onèt ki te konn travay pou avansman kominote a. Li te manm plizyè òganizasyon sosyal nan zòn nan.
Pwofesè Felder Charles, 50 lane, patisipe nan fòmasyon plizyè jenerasyon. Li te konn anseye nan divès lekòl nan depatman Sidès la. Felder Charles te konn anime tou plizyè emisyon radyo nan depatman Sidès la.
Kreyòl Enfo